• Classifieds
  • Contact us
  • About Le Nouvelliste
  • Ecouter Magik9
06 Jul 2025
  • Featured
  • Breaking news
  • Classifieds
  • Culture
  • Economy
  • Emploi
  • Editorial
  • International
  • National
  • Opinions
  • Society
  • Sport
  • Le Nouvelliste
FRANÇAISENGLISH
Le Nouvelliste
  • Featured
  • Breaking news
  • Classifieds
  • Culture
  • Economy
  • Emploi
  • Editorial
  • International
  • National
  • Opinions
  • Society
  • Sport
  • Le Nouvelliste
Isaac Volcy, Lang pou Lang  
Son adresse e-mail :

Ses derniers articles

article.title

Ochan pou ou manman

29 May 2020

Si mò jalou bay gwo pye

mo jalou bay madyòk

je m wè danje

m renmen w

m pa vle di w sa

m kase tèt li chak fwa l vle

boujonnen sou po m

pa gen movezè ki ka detounen jèm lanmou sa

m renmen w

m renmen w an kachkachliben

menm lonbraj mwen pa konn sa

ou bati demen m

ak dwèt ou

ak swè w

ak san w

ak lanmou

tout kwa kwabosal

pouse rasin sou tèt ou

ou mache tonbe leve

Sou depotwa pasipala

Pou mounite pitit ou

tout anba po w se depo

depo chòk lavi

depo chòk lanmò

depo chòk lanmè

san salè

ou naje

ou naje

ou naje jouk ou soti

rèv ou fonn nan lorizon

fwon w fè sèl

poutan saliv ou pa sale

se pa lekòl ki montre w konte

men w aprann konte sou fòs ou

ou son peyi san O-N-G

e je w tonbe sou leta

chak lè l lonje kwi l nan D-G-I

lè w ap goumen ak lavi

ne kòd se bouke flè

anba ti vant ou

kòd fè kò sou kò w

tankou yon tatouraj

pòtre libète

ou se yon fanm kanson fè

se pa tout tranche ki met do w atè

m renmen w manman

m renmen w an kachkachliben

menm lonbraj mwen pa konn sa

             

.
Le Nouvelliste

© Le Nouvelliste 2025

Sections of the site

CultureEconomyEditorialNational
OpinionsSocietySportTicket

Services

Contact usMourningsOffersReal Estate adverts
All our archives RSS

The Nouvelliste group

Magik9 spring of art Tele 20
crazy booksFestive craftsmanship
Facebook Instagram Twitter Youtube
Terms of Service
Privacy Policy
Subscription terms and conditions